Samdi 27 jen 2026 sa a make yon gwo dat nan listwa foutbòl ayisyen an. Aigle Noir Athletic Club (ANAC) ap selebre 75 lane egzistans li, yon bèl vwayaj ki te kòmanse 27 jen 1951 nan katye istorik Bèlè, Pòtoprens.
Pandan tout ane sa yo, ANAC pa t sèlman yon klèb foutbòl. Li vin tounen yon enstitisyon espòtif ak sosyal, yon senbòl idantite, pasyon ak rezistans pou plizyè jenerasyon Ayisyen. Avèk koulè vèt ak nwa li yo, klèb la ekri non li nan listwa grasa yon bèl palmarès ki gen ladan kat tit chanpyon Ayiti (1953, 1955, 1970 ak 2006), yon Koup Ayiti an 1960, ansanm ak plizyè patisipasyon nan konpetisyon CONCACAF yo.
ANAC te jwe yon gwo wòl tou nan fòmasyon ak devlopman anpil lejand foutbòl ayisyen, tankou Fritz Bobo, Serge Ducoste, Jean-Claude Désir ak Gesner Henri, ke anpil moun konnen sou non Coupe Cloué.
Malgre anpil difikilte klèb la rankontre pandan ane yo, tankou ensekirite, chanjman sosyal ak depa li nan katye istorik Bèlè a, Aigle Noir pa janm sispann kwè nan avni li. Jounen jodi a, yon nouvo jenerasyon dirijan ap travay pou rebati klèb la, ak objektif pou fè li retounen nan pi wo nivo foutbòl ayisyen an, reprann plas li nan konpetisyon entènasyonal yo epi mete sou pye yon akademi espòtif pou ede fòme jèn talan katye Bèlè.
Apre 75 lane listwa, batay ak viktwa, Aigle Noir Athletic Club kontinye pote byen wo valè li yo. Anivèsè sa a se pa sèlman yon selebrasyon, men tou yon omaj pou tout moun ki te bati listwa klèb la ak yon angajman pou kontinye ekri nouvo paj glwa pou jenerasyon k ap vini yo.
Aigle Noir toujou ap vole... e li pare pou vole pi wo toujou.